top of page

Annou amelyore pwodiksyon vetivè, pou nou ka rete sou mache entènasyonal la.!



konsèy pou antreprenè.


Listwa rapòte nou ke ayiti te konn ekspòte anpil pwodwi nan mond lan, tankou bwa, kafe, koton ak anpil lòt bagay ankò. Men chak jou avèk anwonman kap degrade pi plis, e klima a ki pa janm sispann modifye, sa lakoz ke kilti nou yo ap modifye tou. Pou nou remedye a sitiyasyon sa e toujou patisipe nan ekspòte pwodwi nan kèk lòt peyi, nou toujou ap chache ki meyè pwodwi ke nou ka livre sou mache a. Yonn nan pwodwi ke jodi a ayiti toujou kontinye ap ekspòte sitou an eròp, li rele lwil vetitè. Pwodiksyon e ekspòtasyon lwil vetitè an ayiti kòmanse avèk fanmiy Leger nan depatman sid peyi a. E izin sa fè pati yonn nan pigwo izin lwil vetivè ki gen nan mond lan.


Vetivè se yon plant aromatik ki soti nan yon fanmiy ki rele Poaceae, et non syantifik li se Vetireria zizanioides. Syantifik yo fè nou konnen ke se yon plant ki native an Inde, men egzotik pou ayiti, sepandan ayiti se peyi ki pwodwi li pi plis nan mond lan. Sou Challengesnew, yo di nou ke li pwodwi an viron 60 ton chak ane, e se yon plant ki ka soti nan 1m wotè rive jiska 2m wotè konsa. Vetitè pa fè tròp egzijans nan zafè sòl, men sèlman li pa renmen yon sòl ki kenbe anpil dlo, paske li se yon plant ki ka leve e grandi kote ki sèch. Prodiksyon vetivè, se yon pwodiksyon ki konsantre nan sid peyi a, paske gen anpil lòt antreprenè ki ap envesti ladanl.


Pou rekòlte li, pwiske se rasinn lan wap bezwen, alò sa mande pou fouyel byen fon nan tè a jis pou jwenn rasinn nan. Generalman izin yo fèt nan zòn kote ki gen dlo, paske vetivè se yon plant ki bezwen anpil dlo pou li moulen. Pou fè pwodiksyon sa, gen anpil antreprenè ki achte tè ki plante vetivè pou rekolte, transfòme e vann, konsa tou, gen moun ki plantel pou yo vann pa bal, kote ke yo gen yon bwat ki fèt ak planch, yo foule vetivè a andanl, e marel ak kòd pou li bay sa nou rele bal la.


Yo itilize lwil vetivè pou fè plizyè bagay tankou: pafen, deodoran, ak anpil lòt bagay ankò. Men pou yo fè tout bagay sa yo, se rasinn vetivè a yo itilize. Sepandan, yo pa Sèlman itilize rasinn nan, yo itilize plant lan nan konsevasyon sòl, paske rasinn li gen kapasite poul kenbe tè ki pral nan lanmè yo pandan moman lapli, yo itilize sa nou teka rele fèy vetivè a pou bay bèt manje. Donk avèk transfòmasyon e rentabilite ke lwil vetivè a genyen ladanl, nou jwenn anpil antreprenè ki deside envesti nan pwodiksyon vetivè, kote yo fè kèk izin pou transfòme lwil vetivè a, e yo vann li o nivo nasyonal e entènasyonal.


Selon sa kèk moun ki nan pwodiksyon vetivè a fè nou konnen, tou depann de moman tan an nan ane a, yon bal vetivè kapab koute soti 1000g pou rive 1500g konsa. Egzanp, pou moman korona a, yo di nou kel desann jiska 500g. Ou imajine ou menm antreprenè ki gen yon espas kap pwodwi vetivè e ki ka bay pou pipiti 50 bal konsa, sa kapab bay yon montan kise 50,000gde oubyen 75,000 gde pou pipiti. Montan sa montre nou ke li favorab pou yon antreprenè ki deside envesti nan pwodiksyon sa. Wi vetivè se yon plant ki ka bay lajan, ki kabap ede nou, men se yon pwodiksyon ki mande pou nou jerel e ameliorel pi byen, paske li kapab patisipe nan detwi espas nou yo you. Kòm se rasinn yo nap bezwen, donk chak kantite tou ou fouye nan espas la, sa vinn fè tè a ekspoze a kèk problèm anviwonmantal tankou erozyon ak kèk lòt ankò, e sa kapab lakòz ke randman li vinn diminye, jiskaske li transfòme an yon dezè., kote ke li ka difisil pou lòt kilti fèt nan espas sa ankò.


Ou menm ki petèt gen ide pou envesti nan pwodwi vetivè, paske li rantab, e ou menm kap pwodwi vetivè, li fondamantal pou chache byen konprann pwodiksyon sa, pou evite yon ocean rouge.

Oseyan rouj la, se yon teyori kote ke inivesite Harvard montre ke chak fwa gen yon antreprenè kap antre nan yon espas kote resous yo ap diminye pi plis chak jou, sa pral lakòz ke younn pral elimine lòt. Pou nou evite oseyan rouj la, nou sipoze réfléchi antanke antreprenè pou nou wè koman nou ka rann pwodwiksyon vetivè a pi dirab, pou pèmèt ke nou konsidere sòl la, e ki meyè fason pou rekoltel.

Ou menm ki vle envesti nan vetivè, ou menm kap envesti nan vetivè, li mande pou reflechi de pwodiksyon sa. Anou pote plis eleman repons sou pwodiksyon sa, e plis konesans sou li konsa nap pèmèt ke atik sa plis elabore.


Rédacteur: Jean Loubenson Correcteur: William Cinea

18 vues0 commentaire

Posts récents

Voir tout
bottom of page