top of page

4 eleman esansyèl wap bezwen pou fè yon grefaj.

Dernière mise à jour : 4 déc. 2023



Èskew te konnen?


Anpil moun pale de grefaj, anpil òganizasyon travay oubyen pale sou grefaj. Gen anpil moun ki konn fè grèf, apre kèk tan yo wèl mouri, yo toujou ap poze tèt yo kesyon sak dwe fè sa. Petèt se kèk eleman ou pa genyen oubyen ou pa respekte ki koz sa. Nan ribrik Nature Design genyen ki rele èskew te konnen an, jodiya li pote pou ou 4 eleman esansyèl wap bezwen pou fè yon grefaj.


1- Grefwa: Se youn nan eleman ki enpòtan e endispansab pou fè grèf la, paske se avèk li wap bezwen pou fè antay yo. Nb: Grefwa wap itilize pou fè grèf la sipoze sterilize, pou anpeche li kontamine grèf ou a.

2- Grefon: se dezyèm eleman ki enpòtan pou grefaj ou a, paske san grefon pap janm ka gen grèf. Fòk ou byen konnen kòman wap chwazi grefon yo, paske sa se yon eleman ki ka lakoz ke grèf ou a pa pran.


3- Pòt grèf: sa enpòtan anpil pou byen chwazi plant wap fè tounen pòt grèf ou a, paske dimansyon pòt grèf la pa dwe ni twò gwo, ni twò piti pou grefon ou a.


4- Tep grèf- Se yon nan eleman ke anpil moun kap fè grèf konn neglije. Sepandan li ka lakoz ke grèf ou pa reyisi tou, paske pou grèf ou a reyisi e byen devlope, li sipoze byen mare( tepe), pou anpeche ke dlo oubyen maladi atake grèf ou a.


Se toujou yon plèzi pou Nature Design pataje anpil konsèy avèw sou plant yo. Mèsi a ou menm kite pren tan pou li, e pataje konesans paw anba pòs sila.


38 vues0 commentaire
bottom of page