Nous proposons des solutions fondées sur la nature.
Fòmasyon sou teknik repwodiksyon
Dat: Chak samedi pratik
Fòmatè
-
Jude NOËL, Ing. Agronome
-
Lenor GABRIEL, Greffè-Prensipal
-
Pierre Jonas FORESTAL, Grefè-Emondè
-
Frenel GABRIEL, Grefè-Emondè
-
Jean Marcel DEZIUS, Grefè-Emondè
Adrès ak kontak
-
Nature Design-Haiti,
Charpentier, les Cayes-Haiti
-
Tel et whatsapp: 41427070 | 36068583 | 4046 8217.
-
Email: info@naturedesignhaiti.biz

Fòmasyon sou teknik grefaj ak emondaj
KONTÈKS
4 avantaj grefaj nan plant bay
Grefaj se yon bon pratik li ye, sitou nan kesyon mete divès varyete fwi sou yon sèl pye. Tout moun ta bezwen konnen kisa grefaj ye epi ki avantaj yo ka tire ladan li. Se poutèt sa Nature Design deside pale avèk nou sou 4 avantaj ou jwenn lè w fè grefaj sou plant;
- Meyè jesyon espas avèk plis varyete sou yon sèl pye :
lè w grefe yon plant ou ka rekòlte plis varyete sou menm pye a
-Rekòlte pi rapid :
yon plant ki grefe ap donnen pi vit depi grefon an soti nan yon plant ki donnen deja.
- Asirans :
Ou plis asire ki varyete wap rekòlte lè se grèf ou te fè.
Pou w kapab konn grefe, vin patisipe chak samedi nan yon fòmasyon pratik ke Nature Design ap fè sou grefaj.
Enskri sou lyen sa a :
FÒMATÈ

Jude NOËL
Ing. Agronome (20 lane eksperyans)
Agwonòm ki genyen 20 lane eksperyans (2002 - 2022) lan pwodui pye fwi avèk teknik grefaj yo lan pepinyè tankou lan jaden.

Jean Marcel DEZIUS
Grefè-Emondè (8 lane eksperyans)
Ajan devlopman kominotè ki genyen 8 lane eksperyans lan fè pepinyè, emonde epi grefe pye fwi.

Lenor GABRIEL
Greffè-Prensipal (31 lane eksperyans)
Lidè kominotè ki genyen 31 lane eksperyans lan fè pepinyè epi grefe pye fwi (Mango, zaboka, sitris, zabriko, kachiman, kakao).

Pierre Jonas FORESTAL
Grefè-Emondè (20 lane eksperyans)
Ajan devlopman kominotè ki genyen 20 lane eksperyans lan fè pepinyè, emonde epi grefe pye fwi.

Frenel GABRIEL
Grefè-Emondè (20 lane eksperyans)
Ajan devlopman kominotè ki genyen 20 lane eksperyans lan fè pepinyè, emonde epi grefe pye fwi.
Yon ekip esperimante pou edew abil nan grefaj pye fwi
Vin apran grefe zaboka avèk espesyalis


KI MOUN KI KA PATISIPE?
-
Etidyan ki vle gen pi bon konesans sou grefaj
-
Agronòm ak lòt pwofesyonèl lan agrikilti ki vle augmente eksperyans yo nan grefe gwo pye mango ak zaboka
-
Nenpòt lòt moun ki vle aprann kouman yo fè grèf, li pa bezwen menm konn li ak ekri.
OBJEKTIF YO
1. Ede plis moun (Etidyan, agwonòm, lòt pwofesyonèl lan agrikilti ak tout Zanmi lanati yo) konn grefe gwo pye mango ak zaboka
2. Ede genyen gen plis fwi pou manje ak bwè ji.
METODOLOJI
1. Etape I. Eksplikasyon sou teknik emondaj ak grefaj,
-
Kisa emondaj ak grefaj ye ?
-
Ki enpòtans yo lan agrikilti ?
-
Poukisa nou bezwen plis grefè?
2. Étape II. Montre kouman grefaj gwo pye mango ak zaboka fèt
-
Kijan pou byen chwazi pye fwi ki pral grefe yo ?
-
Kijan pou prepare epi idantifye pye fwi w chwazi yo pou grefaj la fèt byen ?
-
Ki zouti ak materyèl ki nesesè pou grefe pye fwi w chwazi yo?
-
Kijan pou byen sèvi avèk zouti grefaj yo ?
-
Kijan pou byen chwazi varyete ke w vle mete sou pye fwi w yo ?
-
Kisa ou dwe konnen pou byen chwazi ti moso lan varyete ke w vle mete sou pye fwi w yo ?
-
Kijan pou byen depoze ti moso ki soti lan varyete ke w vle a sou pye fwi w yo?
METODOLOJI
3. Étape III. Montre kouman pou byen fè vizit swivi sou pye fwi ki fin grefe yo
-
Apre konbyen tan pou w retounen lan pye fwi grefe yo ?
-
Kisa pou w fè lan premye vizit la ?
-
Kilè ak kisa ki dwe fèt lan dezyèm vizit la ?
-
Kisa ki dwe fèt lan twazyèm avèk tout lòt vizit yo ?
-
Konbyen tan vizit swivi yo kapab dire ?
REZILTA
Apre fòmasyon an Nature Design ap espere ke :
-
Patisipan yo kapab emonde epi grefe gwo pye mango, gwo pye zaboka ak tout lòt pye bwa ki kapab grefe avèk menm teknik grefaj mango a oubyen teknik pa zaboka a.
-
Plis moun vin enplike nan grefaj pye fwi yo;
-
Plis varyete fwi ki genyen gran valè nitritif ak komèsyal pral konsève epi distribiye avèk teknik grefaj yo.

Grefon Zaboka
kouman chwazi yon Grefon Zaboka?
Grefaj Zaboka
Kouman pou fè grefaj zaboka lan pepinyè ?


Sigrefaj oubyen grefaj lan jaden
Kouman pou reyisi grefaj lan jaden?
MANGO NAN NATURE DESIGN POU GREFE


PRATIK
-
Chwa pye zaboka ak pye mango ki kapab grefe yo
-
Preparasyon epi idantifikasyon pye zaboka ak pye mango ki fin chwazi pou grefe yo
-
Konesans epi manipilasyon zouti avèk materyèl ki itilize pou grefe pye zaboka ak pye mango
-
Chwa varyete pou grefe pye zaboka ak pye mango yo
-
Chwa bon grefon mango ak zaboka (ti moso ki soti lan varyete ke w chwazi a)
-
Grefaj pye mango.